Questions fréquentes

Où acheter une perruque en Haïti ?

Chez Dressup Haïti : 4 boutiques à Canapé-Vert, Pétion-Ville, Cap-Haïtien et aux Cayes, et sur dressupht.com. Bob, lace frontal, glueless, 360, pixie, bang et couleurs.

Ki kote pou m achte yon perik an Ayiti ?

Nan Dressup Ayiti : 4 boutik nan Kanapevè, Petyonvil, Okap ak Okay, epi sou dressupht.com. Bob, lace frontal, glueless, 360, pixie, bang ak koulè.

Combien coûte une perruque ?

Les prix sont affichés sur dressupht.com en dollars et en gourdes, au taux de la boutique. Ils vont d'environ 20 $ (pixie) à plus de 200 $ (longues lace frontal), selon le modèle, la longueur et la densité.

Konbyen yon perik koute ?

Pri yo ekri sou dressupht.com an dola ak an goud, nan to boutik la. Yo soti anviwon 20 $ (pixie) rive plis pase 200 $ (lace frontal ki long), sa depann de modèl la, longè a ak dansite a.

Comment commander ?

Choisissez votre perruque sur dressupht.com ou dans l'app Dressup, mettez-la au panier et envoyez la commande : l'équipe la confirme sur WhatsApp. Vous pouvez aussi écrire directement sur WhatsApp avec la photo de la perruque.

Kijan pou m pase kòmand ?

Chwazi perik ou sou dressupht.com oswa nan app Dressup la, mete l nan panye epi voye kòmand lan : ekip la ap konfime l sou WhatsApp. Ou ka ekri nou dirèkteman sou WhatsApp tou ak foto perik la.

Puis-je venir chercher ma perruque en boutique ?

Oui. Au moment de la commande, choisissez « Je viens la chercher » et la succursale : Canapé-Vert, Pétion-Ville, Cap-Haïtien ou Les Cayes.

Èske m ka vin pran perik la nan boutik la ?

Wi. Lè w ap pase kòmand lan, chwazi « Je viens la chercher » ak boutik la : Kanapevè, Petyonvil, Okap oswa Okay.

Livrez-vous ?

Oui, avec paiement à la livraison dans les zones proposées au moment de la commande. Pour une autre ville, écrivez-nous sur WhatsApp.

Èske nou fè livrezon ?

Wi, ou peye lè w resevwa l, nan zòn yo ofri w lè w ap pase kòmand lan. Pou yon lòt vil, ekri nou sou WhatsApp.

Comment savoir si une perruque est disponible ?

Chaque perruque sur dressupht.com indique « Disponible » ou « Demandez-nous ». En cas de doute, l'équipe vous répond sur WhatsApp.

Kijan pou m konnen si yon perik disponib ?

Chak perik sou dressupht.com ekri « Disponible » oswa « Demandez-nous ». Si w gen dout, ekip la ap reponn ou sou WhatsApp.

Avez-vous des perruques de couleur ?

Oui : rouge (99J), orange, bleu, jaune, mèches (highlight) et marron (#4), selon le stock. Elles sont dans la section « Couleurs ».

Èske nou gen perik koulè ?

Wi : wouj (99J), zoranj, ble, jòn, mèch (highlight) ak mawon (#4), dapre sa ki gen an stòk. Yo nan seksyon « Couleurs » lan.

Puis-je essayer une perruque en ligne ?

Oui : sur la page d'une perruque, « Essayer avec un selfie » montre en environ 30 secondes une image de vous avec cette perruque (aperçu fait par IA).

Èske m ka eseye yon perik sou entènèt ?

Wi : sou paj yon perik, « Essayer avec un selfie » montre w nan anviwon 30 segonn yon imaj ou ak perik sa a (se IA ki fè l).